Lik 4:1-44

Lik 4:1-44 HAT98

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di li konsa: — Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv. Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: — M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si ou mete ajenou devan m, tout bagay sa yo pou ou. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon. Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a. Li tounen, l'ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Jezi ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo. Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. L'al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. Lè sa a li konmanse di yo: — Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap sòti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: — Se pa pitit Jozèf la sa? Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la. Epi li di yo ankò: — Men sa m'ap di la a se vre wi: - Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon nan peyi li. Se vre wi: Sou tan Eli, yon lè lapli pat tonbe pandan twazan sis mwa, tout peyi a te nan grangou. Lè sa a, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl la. Men, Bondye pat voye Eli lakay yo yonn menm. Se lakay yon vèv ki te rete lavil Sarepta nan peyi Sidon li te voye li. Konsa tou, sou tan pwofèt Elize, te gen anpil moun ki te malad ak lalèp nan pèp Izrayèl la. Men, yo yonn pat jwenn gerizon. Se Naaman sèlman, nonm peyi Siri a, ki te geri. Tout moun nan sinagòg la te byen ankòlè lè yo tande pawòl sa yo. Yo leve, yo trennen l andeyò lavil la. Yo mennen l sou tèt ti mòn kote lavil la te bati a, yo t'ap pare pou yo te jete l anba nan falèz la. Men, Jezi pase nan mitan yo, li chape kò li. Apre sa, Jezi desann Kapènawòm, yon vil nan peyi Galile. Jou repo a, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo, paske li t'ap pale tankou moun ki gendwa di sa l'ap di a. Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li pran rele byen fò: — Hey! kisa nou gen avèk ou, Jezi, moun Nazarèt? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri a, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm lan. Move lespri a jete nonm lan atè nan mitan tout moun yo epi li sòti, l'ale san l pa fè l okenn mal. Tout moun te sezi, yonn t'ap di lòt: — Ki pawòl sa a, mezanmi? Ak otorite, ak pouvwa, li pase movezespri yo lòd sevè, epi yo soti ale vre. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan tout peyi a. Jezi soti, li kite sinagòg la, l'ale kay Simon. Bèlmè Simon te anba yon gwo lafyèb. Yo mande Jezi fè kichòy pou li. Li panche sou malad la, li pase lafyèb la yon lòd. Lamenm, lafyèb la kite li. Menm lè a, madanm lan leve, li resevwa yo. Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l sou tèt yo tout, li geri yo. Anpil move lespri tou te sòti sou plizyè moun malad. Yo t'ap plede rele: — Ou se pitit Bondye a. Men, Jezi te pale sevè ak yo, li pat kite yo pale paske yo te konnen se Kris la li ye. Kou l fè jou, Jezi sòti, l'ale yon kote ki pa gen moun. Yon foul moun t'ap chache li. Konsa, yo rive jouk kote li te ye a. Yo te vle kenbe l pou l pat kite yo. Men li di yo: — Fòk m anonse bòn nouvèl gouvènman Bondye ki Wa a bay moun lòt lavil yo tou, paske se pou sa Bondye voye mwen. Se konsa, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg Jide yo.