Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di li konsa: — Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv.
Li Lik 4
Koute Lik 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo