Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di li konsa: — Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv. Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: — M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si ou mete ajenou devan m, tout bagay sa yo pou ou. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon. Jezi te anba pouvwa Sentespri Bondye a. Li tounen, l'ale nan peyi Galile. Nan tout peyi a se tout moun ki t'ap nonmen non li. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Jezi ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo. Yo renmèt li liv pwofèt Ezayi a. Lè li louvri l, li jwenn kote ki te ekri: Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m pou m anonse bòn nouvèl la bay pòv yo. Li voye m pou m fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m delivre moun y'ap maltrete yo, pou m fè yo konnen lè a rive pou Bondye vin delivre pèp li a. Apre sa, Jezi fèmen Liv la, li renmèt li bay moun ki t'ap ede nan sèvis la. L'al chita. Tout moun ki te nan sinagòg la te gen je yo fikse sou li. Lè sa a li konmanse di yo: — Jòdi a, pandan n'ap tande pawòl ki ekri la a, li rive vre. Tout moun t'ap pale byen pou li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t'ap sòti nan bouch li. Yo t'ap di konsa: — Se pa pitit Jozèf la sa?
Li Lik 4
Koute Lik 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:1-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo