Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Lik 4:1-13

Lik 4:1-13 HAT98

Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a. Se la Satan vin tante l pandan karant jou. Tout jou sa yo li pat manje anyen menm. Apre jou sa yo fin pase, li te grangou. Satan di li konsa: — Si se Pitit Bondye ou ye vre, bay wòch sa a lòd pou li tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se pa manje sèlman non moun bezwen pou viv. Satan mennen l yon kote ki wo. Yon sèl kou, li moutre l tout peyi ki sou latè. Li di Jezi konsa: — M'ap ba ou tout pouvwa ak tout richès peyi sa yo. Yo renmèt tout bagay sa yo nan men mwen, mwen ka bay moun mwen vle yo. Si ou mete ajenou devan m, tout bagay sa yo pou ou. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore. Se li menm ase pou ou sèvi. Apre sa, Satan mennen l lavil Jerizalèm, li mete l kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se Pitit Bondye, rete isit la lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: — Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo pou ou pa kase pye ou sou okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Apre satan fin tante Jezi tout jan sa yo, li ba li kanpo pou tann lòt okazyon.

Li Lik 4

Koute Lik 4

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Lik 4:1-13

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo