Lik 24:36-53

Lik 24:36-53 HAT98

Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Yo te pè, yo pran tranble. Yo te kwè se yon zonbi k'ap pale ak yo a. Men, Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou? Gade men mwen, gade pye mwen. Nou mèt manyen wi. Gade mwen byen: yon lespri pa gen chè, li pa gen zo, jan nou wè mwen an. Antan li t'ap di yo sa, li moutre yo men l ak pye l yo. Yon sèl kè kontan pran disip yo, men yo pat kwè toujou sitèlman yo te sezi. Lè sa a, Jezi di yo: — Eske nou gen kichòy la a pou manje? Yo ofri l yon moso pwason boukannen. Li pran l, li manje l devan je yo. Epi li di yo: — Men sa m t'ap di nou an lè m te la avèk nou toujou a. Tou sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv pwofèt yo, menm nan sòm yo, fòk tou sa te rive. Lè sa a, li louvri lespri yo pou yo te ka konprann tou sa ki te ekri nan Liv yo. Li di yo: — Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri, men sou twa jou li gen pou l sòti vivan nan lanmò. Y'a pran non l pou yo mache fè konnen mesay la nan tout peyi, konmanse lavil Jerizalèm, pou mande tout moun pou yo tounen vin jwenn Bondye pou yo ka resevwa padon peche yo. Nou temwen tout bagay sa yo. Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap sòti anwo nan syèl la va desann sou nou. Apre sa, li mennen yo an deyò lavil la, bò Betani, epi li leve men li pou l beni yo. Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la. Yo menm menm, lè yo fin adore l, yo tounen lavil Jerizalèm ak yon gwo kè kontan. Se tout tan yo te nan tanp lan ap fè lwanj Bondye.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Lik 24:36-53

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an