Menm jou sa a, te gen de disip ki ta pral nan yon bouk yo rele Emayis. Bouk la te yon ti distans onz kilomèt konsa ak lavil Jerizalèm. De disip yo t'ap koze sou tou sa ki te pase. Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fè yo kondannen l amò, epi yo kloure l sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t'ap vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jòdi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a granmaten jòdi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan.
Li Lik 24
Koute Lik 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 24:13-23
4 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati moun lan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo