Tout bann moun yo leve, yo mennen Jezi devan Pilat. Rive la, yo pran pale kont Jezi, yo di:
— Nou jwenn nonm sa a ap moute tèt pèp la. L'ap di yo pou yo pa peye Seza lajan taks yo. Li menm rive pretann se Kris la li ye, li se wa.
Pilat mande li:
— Eske ou se wa jwif yo?
Jezi reponn li:
— Se ou ki di li.
Pilat di chèf prèt yo ak foul moun yo:
— Mwen pa wè okenn rezon pou m kondannen nonm sa a.
Men, yo kenbe la avè l, yo di:
— L'ap moute tèt pèp la ak pawòl l'ap di yo. Li konmanse travay sa a depi nan peyi Galile, li pase nan tout peyi Jide a, li rive jouk isit la.
Lè Pilat tande sa, li mande yo si Jezi se moun Galile. Aprann Pilat aprann Jezi te sòti nan rejyon ki te sou kòmandman Ewòd la, li voye Jezi bay Ewòd ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm lè sa a. Ewòd pat manke kontan lè li wè Jezi. Depi lontan li te konn tande pale sou li, li te anvi kontre avè l. Li te kwè li ta pral wè Jezi fè kèk mirak. Li poze l anpil kèsyon, men Jezi pa reponn li anyen. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te la. Yo t'ap depoze anpil gwo plent kont Jezi. Ewòd menm ansanm ak tout gad li yo t'ap pase Jezi nan rizib. Yo mete l nan yon wonn tenten. Yo mete yon bèl rad sou li. Epi yo voye l tounen bay Pilat. Pilat ak Ewòd te lènmi anvan sa. Menm jou sa a yo vin zanmi.
Pilat sanble chèf prèt yo, tout otorite yo ansanm ak pèp la. Li di yo:
— Nou mennen nonm sa a ban mwen. Nou fè m konprann l'ap moute tèt pèp la. Mwen menm, mwen poze l kèsyon devan nou, mwen pa janm jwenn li koupab. Li pa fè okenn nan move zak n'ap plede di l fè yo. Ewòd pa jwenn li koupab nonplis. Men li voye l tounen ban mwen. Nonm sa a pa fè anyen ki merite lanmò. Mwen pral fè yo bat li byen bat, apre sa m'a lage li. [ Pou chak fèt Pak, Pilat te konn grasye yon prizonye li te konn lage bay yo.]
Yo tout pran rele ansanm:
— Touye nonm sa a, lage Barabas ban nou.
( Barabas sa a, se te yon nonm ki te nan prizon poutèt lèzam li te pran kont gouvènman an epi pou yon moun li te touye nan lavil la.)
Pilat menm te vle lage Jezi. Li pale ak foul moun yo ankò. Men yo rele:
— Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa!
Yon twazyèm fwa ankò, Pilat di yo:
— Manyè di m ki move zak li fè konsa? Mwen menm, mwen pa jwenn anyen nan nonm sa a ki merite lanmò. Mwen pa di nou mwen pral fè bat li byen bat, apre sa m'a lage li?
Men, yo pran rele pi fò, yo pèsiste ap mande pou yo kloure Jezi sou yon kwa. Yo sitèlman rele, Pilat ba yo gany. Se konsa Pilat pran desizyon pou l ba yo sa yo te mande a. Li lage moun pèp la te vle a, nonm ki te nan prizon pou konplo ak krim lan. Epi Pilat renmèt yo Jezi pou yo te fè li sa yo te vle a.
Antan sòlda yo t'ap mennen Jezi ale, yo kontre Simon, yon moun peyi Sirèn. Li te sòti nan jaden. Yo pran mesye, yo chaje l anba kwa a pou l pote li dèyè Jezi.
Yon bann moun nan pèp la t'ap swiv Jezi. Te gen kèk fanm la tou ki t'ap kriye, ki t'ap plenn sò li. Jezi vire gade yo, li di yo konsa:
— Nou menm, medam lavil Jerizalèm, pa kriye pou mwen tande. Kriye pou tèt pa nou ak tout pitit nou yo. Gen jou k'ap vin dèyè. Lè sa a y'a di: Benediksyon pou fanm ki pa kapab fè pitit, pou fanm ki pat janm fè pitit, pou fanm ki pa janm bay pitit tete. Lè sa a, tout moun va di mòn yo: Tonbe sou nou! Y'a mande mòn yo: Kouvri nou! Paske, si se sa yo fè bwa vèt la, kisa yo p'ap fè bwa chèch la?
Yo mennen de lòt moun, de kriminèl pou yo touye ansanm ak Jezi. Lè yo rive kote yo rele Zo bwa Tèt la, yo kloure Jezi sou kwa a. Yo kloure de kriminèl yo sou de lòt kwa, yonn chak bò li. Jezi di:
— Papa, padonnen yo. Yo pa konnen sa y'ap fè.
Sòlda yo fè tirajosò pou separe rad li. Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di:
— Gade! Li sove lòt moun. Si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l sove tèt pa l tou.
Sòlda yo t'ap pase l nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l, yo ba l vinèg pou l bwè, epi yo di li:
— Si ou se wa jwif yo, se pou ou sove tèt ou ou menm!
Men sa k te ekri sou tèt kwa a: Nonm sa a se wa jwif yo li ye.
Yonn nan kriminèl yo te kloure sou kwa yo t'ap joure li. Li t'ap di li:
— Se pa ou ki Kris la? Sove tèt ou non, epi sove nou ansanm avè ou tou.
Men lòt la reprann li epi li di li:
— Genlè ou san krentif pou Bondye, ou menm ki anba menm kondansyon ak li a! Pou nou menm se jistis, paske nou resevwa sa nou merite pou krim nou fè. Men li menm, li pa fè anyen.
Epi li di Jezi:
— Chonje m wi lè w'a vin pran gouvènman an nan men ou!
Jezi reponn li:
— Sa m'ap di ou la, se vre wi: Jòdi a ou pral avè m nan paradi.
Li te midi konsa lè solèy la sispann klere sou tout peyi a jouk vè twazè nan apremidi. Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso. Jezi rele byen fò, li di:
— Papa, m ap renmèt lespri mwen nan men ou.
Apre l fin di pawòl sa yo, li mouri.
Lè kaptenn lame a wè sa k te rive, li fè lwanj Bondye, epi li di:
— Se vre wi. Nonm sa a te inonsan.
Tout moun ki te vini an foul pou asiste espektak sa a te wè sa k te rive. Yo tounen al lakay yo, yo t'ap bat lestonmak yo. Tout zanmi Jezi yo te rete yon ti jan lwen ansanm ak fanm ki t'ap mache avè l yo depi nan peyi Galile. Yo tout t'ap gade sa k t'ap pase.