Lik 22:7-20

Lik 22:7-20 HAT98

Jou fèt Pen San Ledven an te rive. Se jou sa a pou yo te touye mouton pou manje pou fèt Pak la. Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: — Ale prepare manje fèt Pak la pou nou ka manje li. Yo mande li: — Ki bò ou ta vle nou pare li? Li di yo: — Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo. Swiv li jouk nan kay kote la antre a. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo? — Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan. Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè lè a rive, Jezi te atab ak disip yo. Li di yo: — Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan mal soufri. Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l di: — Men gode sa a, separe l bay chak moun nan nou; paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li. Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo: — Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.