Apre sa, Jezi soti, l'al sou mòn Olivye, jan li te gen labitid fè a. Disip yo swiv li. Lè l rive, li di yo: — Lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Epi li kite yo, l'al pi devan, distans yon moun kab voye yon wòch konsa. Li mete ajenou, li pran lapriyè. Li di: — Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m ki pou fèt, se volonte pa ou. [ Lè sa a, yon zanj Bondye sòti nan syèl la parèt devan li. Li te vin bay Jezi fòs. Kè Jezi te sere anpil, li t'ap lapriyè pi rèd. Swe t'ap koule sou li tonbe atè tankou gwo degout san.] Apre li fin lapriyè, li leve, li vin bò kote disip yo. Li jwenn yo ap dòmi sitèlman yo te nan lapenn. Li di yo: — Poukisa n'ap dòmi konsa? Leve non, lapriyè pou n pa tonbe anba tantasyon. Jezi t'ap pale toujou lè yon bann moun vin rive. Jida, yonn nan douz disip yo, t'ap mache devan. Li pwoche bò kote Jezi pou l bo li.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:39-47
4 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati moun lan, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo