— Simon, Simon, koute: Satan mande pouvwa pou l pase nou tout nan laye, tankou grenn y'ap vannen. Men, mwen lapriyè pou ou, Simon, pou konfyans ou nan Bondye pa febli. Ou menm, lè w'a tounen vin jwenn mwen, bay frè ou yo fòs. Pyè di li: — Mèt, mwen pare pou mal nan prizon avè ou, pou m mouri menm avè ou. Jezi reponn li: — Pyè, tande byen sa m'ap di ou: Jodi a menm, kòk p'ap gentan chante, w'ap gentan nye twa fwa ou pa konnen mwen.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:31-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo