Epi yon gwo diskisyon leve nan mitan disip yo pou konnen kilès nan yo ki gen plis enpòtans. Jezi di yo: — Nan tout peyi, wa se kòmande yo kòmande, moun ki chèf fè nou rele yo Bon papa. Men pou nou menm, se pa konsa pou sa ye. Okontrè, moun ki pi enpòtan an nan mitan nou, se pou li konpòte li tankou sa ki pi ba a. Sa k'ap kòmande a, se pou li tankou moun k'ap sèvi a. Kilès ki pi enpòtan? Moun ki atab la osinon moun k'ap sèvi a? Se moun ki atab la, pa vre? Enben, mwen menm, mwen nan mitan nou tankou moun k'ap sèvi a. — Nou menm, nou se moun ki kenbe fèm avè m nan tout tribilasyon mwen yo. Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m dwa pou m gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.
Li Lik 22
Koute Lik 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 22:24-29
3 Jou
Seri 4 Kriyati Vivan ki site nan Bib la, dekri karakteristik gloye Jezi ki nou dwe posede pou nou tounen Kretyen efikas. Pandan nou egzamine nati bèf yo, nou pral aprann kijan pou n bay menm karakteristik sa yo nan lavi nou nan lespri
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo