Lik 22:1-23

Lik 22:1-23 HAT98

Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache yon riz pou yo fè touye Jezi, paske yo te pè pèp la. Lè sa a, Satan antre nan tèt Jida yo te rele Iskaryòt la, yonn nan douz disip yo. Jida al jwenn chèf prèt yo ak chèf gad ki t'ap veye tanp lan. Li di yo ki jan li ta ka fè yo pran Jezi. Yo pat manke kontan, yo pwomèt pou yo ba l lajan. Li tonbe dakò ak yo. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l te fè yo pran Jezi san foul la pa konnen. Jou fèt Pen San Ledven an te rive. Se jou sa a pou yo te touye mouton pou manje pou fèt Pak la. Jezi voye Pyè ak Jan, li di yo: — Ale prepare manje fèt Pak la pou nou ka manje li. Yo mande li: — Ki bò ou ta vle nou pare li? Li di yo: — Gade. Lè n'a antre lavil la, n'a kontre ak yon nonm k'ap pote yon krich dlo. Swiv li jouk nan kay kote la antre a. N'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l manje manje Delivrans lan avèk disip li yo? — Lè sa a la moutre nou yon gwo chanm anwo kay la, tou pare, tou meble. Se la n'a pare manje Delivrans lan. Yo pati, yo jwenn tout bagay jan l te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan. Lè lè a rive, Jezi te atab ak disip yo. Li di yo: — Mwen pat manke anvi manje manje Delivrans sa a avè n anvan mal soufri. Paske, m'ap di nou sa: mwen p'ap janm manje l ankò jouk jou la pran sans li nèt vre nan peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l di: — Men gode sa a, separe l bay chak moun nan nou; paske, m'ap di nou sa, depi kounyeya mwen p'ap bwè diven ankò jouk lè Bondye va vin pran pouvwa a nan men li. Apre sa, li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase li. Li ba yo l, epi li di yo: — Sa se kò mwen. Se mwen menm ki bay li pou nou. Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen. Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo gode diven an. Li di yo: — Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l. Men gade! Moun k'ap trayi m lan, li la bò tab la ansanm ak mwen! Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri jan Bondye te vle l la, se vre. Men, malè pou moun ki trayi l la! Latou, yonn pran mande lòt kilès nan yo la a ki pral fè bagay sa a.