Sadiseyen yo di moun mouri pa leve. Kèk nan yo vin kot Jezi ak yon keksyon. Yo di Jezi konsa: — Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l gen yon frè, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou l sa fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l tou. Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit. Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l tou. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm? Jezi reponn yo: — Isit sou latè, fanm ak gason nan marye. Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve sòti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò. Yo pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve sòti vivan nan lanmò.
Li Lik 20
Koute Lik 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 20:27-36
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo