Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo. Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti. Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David. Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent. Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive.
Li Lik 2
Koute Lik 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 2:1-6
5 Jou
Nan moman Nwèl sa a, retounen nan istwa nesans Jezi nan levanjil Matye ak Lik yo. Pandan w ap li, yon ti videyo ilistre yon pati nan istwa a pou chak jou nan plan sa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo