Lik 19:28-44

Lik 19:28-44 HAT98

Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou l'al Jerizalèm. Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan, li di yo konsa: — Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn pa kò janm moute sou li. Lage l, menmen l ban mwen. Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap lage bèt la, n'a reponn: Se Mèt li ki bezwen li. De disip yo ale. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo: — Poukisa n'ap lage ti bourik la? Yo reponn: — Se Mèt la ki bezwen li. Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo louvri rad sou li fè panno, epi Jezi moute sou l. Pandan Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an. Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. Yo t'ap di: — Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye! Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa: — Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non. Jezi reponn yo: — Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo. Lè Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li, li di: — Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, kounyeya, yo kache. Ou pa kapab wè yo! Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. Y'a detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pat rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an