Wa a di l: Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. — Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l nan yon mouchwa. Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè. — Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l: Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l menm ti sa l te genyen an. Kanta lènmi m yo ki pat vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen. Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou l'al Jerizalèm. Lè Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan, li di yo konsa: — Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn pa kò janm moute sou li. Lage l, menmen l ban mwen. Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap lage bèt la, n'a reponn: Se Mèt li ki bezwen li.
Li Lik 19
Koute Lik 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 19:19-31
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo