Lik 19:11-27

Lik 19:11-27 HAT98

Apre sa, Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fenk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a ta pral parèt touswit. Men sa l di yo: — Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l otorite pou l wa, apre sa pou l te tounen lakay li ankò. Anvan l ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. — Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l wa, epi l tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l: li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l: Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. — Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l nan yon mouchwa. Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè. — Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l: Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l menm ti sa l te genyen an. Kanta lènmi m yo ki pat vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.