Jezi di disip li yo:
— Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. Prefere yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Wi, sa ta pi bon pou li pase pou li ta lakòz yonn nan ti nonsan sa yo tonbe nan peche. Veye kò nou byen.
— Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. Si nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Apòt yo di Jezi:
— Fè nou gen plis konfyans non.
Jezi di yo:
— Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou.
— Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la sòti nan jaden, eske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje. Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m fin manje, ou menm w'a manje, w'a bwè. Li pa gen mèsi pou l di domestik la paske domestik la fè sa l te mande l fè a, pa vre. Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n di: Se domestik nou ye, nou fè sàn te dwe fè.
Pandan Jezi te nan chemen pou l'al Jerizalèm, li t'ap pase sou fontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. Antan l t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l, yo pale byen fò, yo di l konsa:
— Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.
Lè Jezi wè yo, li di:
— Al fè prèt yo wè nou.
Pandan yo taprale, yo geri. Yonn ladan yo ki wè li geri, li kase tèt tounen, epi li pran rele: Beniswa Letènèl byen fò. Li lage kò l atè nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. Jezi pran lapawòl, li di l:
— Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l vin fè lwanj Bondye?
Epi li di li:
— Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.