Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l'a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay nonplis. Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? Si ou pat sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sa k pou ou a? — Pèsonn pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan. Farizyen yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. Lè sa a Jezi di yo: — Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.
Li Lik 16
Koute Lik 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 16:10-15
9 Jou
Jezi te itilize istwa pratik ak kreyatif pou esplike wayòm Bondye a. Chak jou nan plan etid 9 pati sa a, yon ti videyo ap ilistre youn nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo