Jezi di ankò: — Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Pi piti a di papa l: Papa, ban m pa m nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l yo bay tou de. Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l. Lè mesye fin depanse tout lajan l, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. L'al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l nan jaden l al gade kochon. Lè sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pèsonn pat ba li. Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitirasyon l. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.
Li Lik 15
Koute Lik 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 15:11-17
3 days
Maybe God isn’t who you think He is. Maybe He’s much better. This devotional will help identify some Christian clichés we’ve all heard that are actually unbiblical lies. These clichés may seem innocent, but are harmful to our faith and keep far too many believers stuck in spiritual immaturity. Learn to encounter these lies with the truths about God in the Bible to bring encouragement and freedom to our lives.
9 Jou
Jezi te itilize istwa pratik ak kreyatif pou esplike wayòm Bondye a. Chak jou nan plan etid 9 pati sa a, yon ti videyo ap ilistre youn nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo