Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l manje. Moun ki te la yo t'ap veye li. Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo: — Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l, epi li voye l ale. Apre sa, li di yo: — Si yonn nan nou gen yon pitit gason li osinon yon bèf ki tonbe nan yon pi, eske li p'ap kouri retire li, menm si se yon jou saba? Yo pat kapab reponn li anyen sou sa.
Li Lik 14
Koute Lik 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 14:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo