Apre sa, li di yo tout: — Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li. Li di yo parabòl sa a tou: — Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon tè ki te rapòte l anpil. Li t'ap di nan kè li: Kisa m'ta fè la a? Mwen pa gen kont plas pou m'sere rekòt mwen yo. Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè. M'ap kraze depo m yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, depo ou chaje pou plizyè lane ankò. Manyè bay kò ou repo. Chita, manje manje ou, bwè bwè ou, pran plezi ou. Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye? Jezi di yo ankò: — Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l men ki pa rich devan Bondye.
Li Lik 12
Koute Lik 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 12:15-21
6 Jou
Sosyete yo mete mesye yo anba anpil presyon pou yo kapab montre mond lan kisa ki yon vrè gason ye nan mond lan. Leson sa ap chita sou kijan lè nou abandone sante fizik nou, finans nou, fanmi nou, echèk nou, zanmitay nou yo, se li menm ki ranje nou ki fè nou tounen moun li te kreye nou pou nou ye a, konsa nou pa gen anyen pou nou pwouve, pou nou kache.
7 Days
In a crowded Christmas season, most of us feel the stress and anxiety of family relationships, financial pressure, hasty decisions, and disappointed expectations. So go ahead. Take a breath. Start this Life.Church Bible Plan and realize the weight we feel may be something God never asked us to carry. How about we let go of the baggage? Let’s travel light.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo