Lik 10:34-37

Lik 10:34-37 HAT98

Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. Apre sa, Jezi di nonm lan: — Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo? Dirèktè lalwa a reponn: — Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: — Ale, fè menm bagay la tou.