Jezi reponn li konsa: — Vwala, yon nonm t'ap desann sòti Jerizalèm, li ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (¾) mò. Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
Li Lik 10
Koute Lik 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 10:30-35
4 Jou
Kòm Kretyen, li esansyèl pou nou konsidere repons nou devan konsekans kè brize ki soti nan rasis nan mond ki antoure nou an. Gid lekti pou kat jou sa a, ki chita sou baz reyalite ap egzamine rasin rasis lan ak wòl nou nan travay delivrans ak retablisman wayom Bondye a nan mond lan.
5 Jou
Men yon gid lekti biblik ki ape de nou fè devosyon chak maten, gid lekti sa a gen pou founi je gade sa nou ta dwe konnen sou lanmou Bondye pou nou ak kijan nou ka viv epi pataje lanmou sa a ak lòt moun nou rankontre sou chemen lavi a, tankou fanmi, zanmi, frè ak sè nan legliz e menm etranje. Chak jou yo ap mache ak yon versè akonpaye ak istwa ki montre enpòtans lanmou nan lavi yon kwayan.
7 Days
New Year. A New Day. God created these transitions to remind us that He is the God of New Beginnings. If God can speak the world into existence, He can certainly speak into the darkness of your life, creating for you a new beginning. Don’t you just love fresh starts! Just like this reading plan. Enjoy!
9 Jou
Jezi te itilize istwa pratik ak kreyatif pou esplike wayòm Bondye a. Chak jou nan plan etid 9 pati sa a, yon ti videyo ap ilistre youn nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo