Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap pini lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.
— Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan moun Tir yo ak moun Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita plat atè, yo ta mete rad tristès yo sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann pou fè wè yo repanti vin jwenn Bondye. Se poutèt sa, jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon. Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la. Enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
Li di disip li yo ankò:
— Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m, se moun ki voye m lan yo repouse.
Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li:
— Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
Jezi di yo:
— Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou zetwal k'ap file. Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
Lè sa a, Sentespri te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa:
— O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
Papa m renmèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo:
— Benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a. Paske, m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou li pran Jezi nan pyèj, li di li konsa:
— Mèt, kisa m'dwe fè pou m'eritye lavi ki p'ap janm fini an?
Jezi di li:
— Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
Nonm lan reponn:
— Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
Jezi di li:
— Ou byen reponn. Si ou fè sa, w'a gen lavi.
Men direktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, li mande Jezi:
— Ki moun ki pwochen mwen?
Jezi reponn li konsa:
— Vwala, yon nonm t'ap desann sòti Jerizalèm, li ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (¾) mò. Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li. Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
Apre sa, Jezi di nonm lan:
— Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo?
Dirèktè lalwa a reponn:
— Nonm ki te gen pitye pou li a.
Jezi di li:
— Ale, fè menm bagay la tou.