Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. Men, manman l di yo: — Non, se Jan pou l rele. Yo di l konsa: — Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan. Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo: — Se Jan ki non li. Tout moun te sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:57-64
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo