Lik 1:5-7
Lik 1:5-7 HAT98
Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.

