Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa:
— Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.
Lè sa a, Mari di:
Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a.
Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li.
Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di:
Ou se yon fanm Bondye beni!
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen.
Non li, se yon non pou tout moun respekte.
L'ap toujou gen pitye
pou tout moun ki gen krentif pou li.
Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li.
Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo.
Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
Li bay moun ki grangou yo anpil byen.
Li voye rich yo ale san anyen.
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la.
Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib,
pou Abraram ansanm ak tout ras li a,
dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.
Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li.
Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. Men, manman l di yo:
— Non, se Jan pou l rele.
Yo di l konsa:
— Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan.
Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo:
— Se Jan ki non li.
Tout moun te sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a. Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt:
— Kisa pitit sa a pral ye menm?
Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre.
Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li:
Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la.
Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.
Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou.
Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti.
Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan.
Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo,
ak anba tout moun ki rayi nou yo.
Se konsa l'a gen pitye pou zansèt nou yo.
Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a.
Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.
Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè.
Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou.
— Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou:
Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la.
Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li.
Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo.
Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil.
L'ap fè yon limyè sòti anwo
vin klere nou tankou solèy k'ap leve.
Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò.
Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.