Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li. Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa: — Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:35-46
5 Days
Every good story has a plot twist—an unexpected moment that changes everything. One of the biggest plot twists in the Bible is the Christmas story. Over the next five days, we’ll explore how this one event changed the world and how it can change your life today.
5 Jou
Nan moman Nwèl sa a, retounen nan istwa nesans Jezi nan levanjil Matye ak Lik yo. Pandan w ap li, yon ti videyo ilistre yon pati nan istwa a pou chak jou nan plan sa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo