Lik 1:1-25

Lik 1:1-25 HAT98

Sonnekselans Teyofil, plizyè moun ekri deja sou istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo. Yo rakonte nou yo jan yo te wè yo ak pwòp je pa yo depi nan kòmansman. Moun sa yo vin tounen sèvitè pawòl Bondye a. Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Kounyeya, mwen kwè se yon bon bagay pou m ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. Konsa w'a kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a. Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti. Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari. Li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. Lè Zakari wè l, li sezi. Li te pè anpil. Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. Zakari di zanj lan konsa: — Ki jan pou m fè kwè sa w'ap di m la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. Zanj lan reponn li: — Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m pale avè ou, pou m pote bòn nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè sa m' di a, ou pral bèbè, ou p'ap ka pale jouk bagay sa yo rive. Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari. Yo te sezi wè jan l te mize nan tanp lan. Men, lè Zakari sòti, li pat kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l, men li pat kapab pale. Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay. Li t'ap di: — Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se kounyeya sa fè l plezi pou l wete dezonè m devan lèzòm.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an