Levitik 27:30-33
Levitik 27:30-33 HAT98
N'a mete dis pou san (10) nan tout rekòt jaden nou apa pou Senyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Senyè a dis pou san sa yo ye. Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10) ki pou Senyè a, l'a peye pri bagay la plis ven pou san (20) lavalè. Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Senyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l apa pou Senyè a. Nou pa bezwen konnen si li bon si li pa bon, ni nou pa bezwen pran yon lòt mete nan plas li. Si nou vle chanje yon bèt, ni sa nou ta vle chanje a, ni sa nou ta renmen bay nan plas li a, tou de va pou Senyè a. Epitou nou p'ap ka reachte yo ankò.

