Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a. Lè n'ap achte yon tè nan peyi nou an, se pou nou rekonèt dwa ansyen mèt tè a genyen pou l reachte tè a ankò. Lè yon moun pèp Izrayèl parèy nou vin nan nesesite, epi li blije vann pòsyon tè ki pou li a, fanmi ki pi pre l la va reachte tè li te vann lan, paske se li ki gendwa fè sa. Men, si yon nonm pa gen fanmi pre pou reachte tè a, epi apre kèk tan zafè l vin bon ankò, l'a reachte tè a lè l'a gen kont lajan pou sa. L'a kalkile depi ki tan li te vann tè a, epi l'a renmèt moun ki te achte tè a nan men l lan lajan ki koresponn ak kantite lanne ki rete anvan lanne rejwisans k'ap vini an, epi l'a reprann tè li. Men, si li pa gen kont kòb pou reachte tè a, tè a va rete nan men moun ki te achte l la jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, tè a va tounen nan men ansyen mèt li ankò.
Li Levitik 25
Koute Levitik 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Levitik 25:23-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo