Se pou nou swiv lòd mwen ban nou yo, se pou nou kenbe tout kòmandman m yo. Se pou nou swiv yo, se konsa n'a kapab viv nan peyi a san nou pa bezwen pè anyen. Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze. Men, gen moun ki va mande kisa y'a manje setyèm lanne a si yo pa plante, si yo pa ranmase rekòt. Mwen menm, Senyè a, m'a voye benediksyon m sou tè a pandan sizyèm lanne a pou l ka donnen rekòt kantite pou twazan. Konsa, lè uityèm lanne a va rive pou nou plante jaden nou yo, n'a jwenn manje toujou nan ansyen rekòt sizyèm lanne a. N'a gen kont pou nou manje jouk nevyèm lanne a rivè, lè n'a gen pou n ranmase rekòt uityèm lanne sa a. Yon tè pa fèt pou vann pou tout tan, paske tè a pa pou nou, se pou mwen li ye. Nou menm, nou tankou moun lòt peyi ki rete lakay mwen: mwen ban nou dwa sèvi sou tè a.
Li Levitik 25
Koute Levitik 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Levitik 25:18-23
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo