Senyè a pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li di l konsa: — Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè n'a antre nan peyi m'ap ban nou an, n'a bay tè a yon repo pou Senyè a. Pandan sizan n'a plante jaden nou, n'a taye pye rezen nou yo, epi n'a ranmase rekòt pandan sizan. Men, setyèm lanne a n'a kite tè a poze nèt. Se va yon gwo lanne repo pou tè a. Se va yon lanne n'a kite tè a pran repo pou Senyè a. Nou p'ap simen anyen nan jaden nou, ni nou p'ap taye pye rezen nou yo. Piga nou ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou pou nou vann. Ni piga nou keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pat taye pou nou vann. Se va yon lanne repo nèt pou te a. Pandan tout lanne a tè a va rete san nou pa travay li. Men, sa l'a bay la va sèvi manje pou nou ak pou tout moun k'ap viv lakay nou, pou moun lòt nasyon ki fè ladesant lakay nou. Bèt domestik nou yo ak bèt bwa ki nan peyi a va manje nan sa tè a bay la tou.
Li Levitik 25
Koute Levitik 25
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Levitik 25:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo