Levitik 19:9-10
Levitik 19:9-10 HAT98
Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè. Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an!

