Levitik 16:15-28

Levitik 16:15-28 HAT98

Se lè sa a, l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote li anndan kote ki konsakre nèt pou Senyè a, l'a voye li anlè ak devan kouvèti a menm jan li te fè pou san towo bèf la. Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi Arawon antre kote ki konsakre nèt pou Senyè a pou li fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gendwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi li ak pou tout pèp Izrayèl la. Lèfini, l'a sòti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la. Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l apa pou Bondye. Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l'a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Senyè a. L'a mete tou de men l yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l nan dezè a. Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la. Apre sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L'a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Senyè a, l'a kite yo la. L'a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l'a mete lòt rad sou li. Apre sa, l'a sòti, l'a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l yo ak pou tout peche pèp la. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon. L'a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l'a boule yo sou lotèl la. Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dèzè a gen pou l lave tout rad ki sou li, epi pou l pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a. Y'a pran towo bèf ak kabrit yo touye pou wete peche a, y'a pote yo ale deyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote kote ki apa nèt pou Senyè a pou fè sèvis pou mande padon peche. Moun ki te al boule yo a va gen pou l lave rad li tou, pou l benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.