Levitik 16:1-14

Levitik 16:1-14 HAT98

Senyè a pale ak Moyiz apre lanmò pitit Arawon yo ki te mouri lè yo te fè yon dife nan move kondisyon bay Senyè a. Senyè a di Moyiz konsa: — Pale ak Arawon, frè ou la, pou l pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nyaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri. Lè l'ap antre nan kote ki konsakre nèt Bondye a, li gen pou li pote yon jenn towo ak yon belye. Towo a va sèvi pou mande Bondye padon, epi y'a boule belye a nèt pou Senyè a. Men kijan pou Arawon abiye lè l'ap antre nan kay Bondye a. L'a mete rad seremoni prèt li sou li. L'a mete chemiz ak kalson twal fen blan, l'a mare sentiwon twal fen blan an nan ren li ak bonèt twal fen blan an nan tèt li. L'a fè twalèt li nan gwo dlo anvan l'a mete yo sou li. Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l nèt pou Senyè a. Arawon va ofri ti towo bèf la pou yo touye l pou wete peche l yo ak peche fanmi l yo. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l. Apre sa, l'a pran de bouk kabrit yo, l'a mennen yo devan pòt Tant Randevou a. L'a prezante yo devan lotèl Bondye a. Apre sa, l'a tire osò ak de ti wòch, yonn make: Pou Senyè a, lòt la: Pou Azazèl. Arawon va touye bouk kabrit ki sòti pou Senyè a, l'a ofri l pou wete peche. Men, l'a pran bouk kabrit ki sòti pou Azazèl la, y'a prezante l tou vivan devan Senyè a. Apre sa, lè y'a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y'a lage l nan dezè a pou l'al jwenn Azazèl. Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l yo. L'a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l yo ansanm ak peche fanmi l yo. Apre sa, l'a pran yon recho, l'a plen li chabon dife tou limen l'a pran sou lotèl la. L'a pran de pouyen poud lansan santi bon. L'a pote lansan an ak recho a antre kote ki konsakre nèt pou Senyè a. Rive la, devan lotèl Senyè a, l'a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p'ap ka wè l, li p'ap mouri. L'a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l'a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l'a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.