Lamantasyon (Chante pou plenn Sò lavil Jerizalèm)
(Chante pou plenn Sò lavil Jerizalèm)
Liv sa a se senk bèl chante yo chante pou plenn sò lavil Jerizalèm devan malè ki tonbe sou lavil la ansanm ak tout moun li yo. Lènmi te fin kraze lavil la, yo depòte pifò nan moun li yo lavil Babilòn.
Kat premye chapit yo se kat chante alfabetik, ki vle di chak liny chante yo konmanse ak yon lèt diferan dapre lòd yo nan alfabèt lang ebre a, depi premye lèt la rive sou dènye a. Chak chante fè yon chapit.
Atout pifò koze nan liv la se sou lapenn ak chagren moun ki ekri liv la gen nan kè l pou peyi a, chak lè ou jwenn yon ti pawòl ki fè wè jan li kenbe konfyans li fèm nan Bondye, li toujou gen espwa avèk Bondye denmen ap pi bon pou pèp la.
Jwif yo chante chante sa a nan sèvis yo fè chak lanne pou yo pa bliye gwo malè sa a ki te tonbe sou peyi a nan lanne 586 anvan Jezikri.
Men plan liv la
1. Lapenn pou lavil Jerizalèm (1)
2. Chatiman lavil la (2)
3. Chatiman ak espwa (3)
4. Lavil Jerizalèm ap fin kraze (4)
5. Lapriyè pou mande gras mizerikòd (5)
Chwazi Kounye ya:
Lamantasyon (Chante pou plenn Sò lavil Jerizalèm): HAT98
Pati Souliye
Pataje
Kopye

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998.

: