Lè m chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. Wi, lè m chonje sa, kè m sere, m santi kè m ap rache Men sa m'ap repase nan tèt mwen, Men sa ki ban mwen tout espwa: Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè! Mwen di: Se Senyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m. Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou. Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
Li Lamantasyon 3
Koute Lamantasyon 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lamantasyon 3:19-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo