Men, nou menm, zanmi m yo, toujou chonje pawòl apòt Senyè Jezikri yo te di nou davans lan. Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo genyen. Se moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè donminen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo. Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete. Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Senyè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou. Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. Lonje men delivre yo, rache yo sòti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an. Kounyeya tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repwòch ak kè kontan devan l nan tout bèl pouvwa li.
Li Jid 1
Koute Jid 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jid 1:17-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo