Epi Jozye di: — Ay, Senyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòtbò larivyè Jouden an? Genlè se pou ou te lage nou nan men moun Amori pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòtbò larivyè Jouden an! Tanpri, Mèt mwen! Kisa m ka di kounyeya lè m wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l yo? Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou? Senyè a di Jozye konsa: — Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske kounyeya se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l nan mitan nou pou nou detwi l tou.
Li Jozye 7
Koute Jozye 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 7:7-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo