Jozye 7:6-9
Jozye 7:6-9 HAT98
Jozye te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo. Epi Jozye di: — Ay, Senyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòtbò larivyè Jouden an? Genlè se pou ou te lage nou nan men moun Amori pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòtbò larivyè Jouden an! Tanpri, Mèt mwen! Kisa m ka di kounyeya lè m wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l yo? Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou?

