Jozye 7:1-15

Jozye 7:1-15 HAT98

Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Senyè a te bay pou yo pat pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Senyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la. Jozye te voye kèk moun sòti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt-Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y'al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi. Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: — Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la. Lè sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak. Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan min wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la sòti pè. Yo pèdi kouray. Jozye te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo. Epi Jozye di: — Ay, Senyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòtbò larivyè Jouden an? Genlè se pou ou te lage nou nan men moun Amori pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòtbò larivyè Jouden an! Tanpri, Mèt mwen! Kisa m ka di kounyeya lè m wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l yo? Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou? Senyè a di Jozye konsa: — Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske kounyeya se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l nan mitan nou pou nou detwi l tou. Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l nan mitan nou. Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Senyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Senyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Senyè a va denonse a va fè moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Senyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.