Jozye 6:3-5
Jozye 6:3-5 HAT98
Ou menm ak tout sòlda pa ou yo, nou pral mache fè wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou. Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, sètyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo. Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.

