Jozye 3:3-4
Jozye 3:3-4 HAT98
Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: — Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Senyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo. Se konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan (500) mèt konsa ant li ak nou.

