Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv. Jozye ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Senyè a. Epi Jozye di pèp la konsa: — Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Senyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an! Apre sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo. Apre tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Senyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). Yo antere l sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo. Apre sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.
Li Jozye 24
Koute Jozye 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 24:25-33
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo