Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Senyè a. Jozye di pèp la konsa: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye. Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak. Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezayi. Mwen bay Ezayi tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.
Li Jozye 24
Koute Jozye 24
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 24:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo