Jozye 24:1-18

Jozye 24:1-18 HAT98

Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Senyè a. Jozye di pèp la konsa: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye. Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak. Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezayi. Mwen bay Ezayi tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Apre sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou sòti kite peyi a. Lè mwen fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la. Zansèt nou yo rele nan pye m, mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a. Lèfini, mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase. Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Mowab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l vin ban nou madichon. Men, mwen pa koute l. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak. Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou. Mwen voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pat ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa! Apre sa, mwen ban nou tè nou pat janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pat janm bati. Se la nou rete kounyeya. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pat plante, oliv nan pye oliv nou pat plante. Kounyeya menm, se pou nou gen krentif pou Senyè a, se pou nou sèvi l ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Senyè a. Men, si nou pa vle sèvi Senyè a, depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n'ap sèvi. Pèp la reponn! — Nou p'ap janm fè lide vire do bay Senyè a pou n'al sèvi lòt bondye. Se Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo. Se Senyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Senyè a n'ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou.