Jozye 22:21-34

Jozye 22:21-34 HAT98

Lè sa a, moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo: — Senyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l kite yo touye nou jòdi a menm. Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Senyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Senyè a mande nou kont pou sa nou fè a. Pou di vre, nou te fè l paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Senyè a. Senyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Riben yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Riben yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Senyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Riben yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Senyè a. Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye okenn bèt sou li. Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la kounyeya ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Senyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Senyè a. Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Senyè a. Se pat pou boule ofrann, ni pou touye okenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sa k te pase! Nou pa janm fè lide leve kont Senyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Senyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l rete a. Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l yo tande sa moun Gad, moun Riben ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil. Lè sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa: — Kounyeya nou konnen Senyè a avèk nou vre, paske nou pat chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Senyè a. Apre sa, Fineas, pitit Eleaza, prèt la, ak tout chèf yo kite moun Riben yo ak moun Gad yo nan peyi Galarad, yo tounen nan peyi Kanaran al jwenn rès pèp Izrayèl la. Yo rapòte yo repons lòt moun yo te ba yo a. Sa te fè pèp Izrayèl la plezi anpil: yo fè lwanj Bondye. Depi lè sa a, yo pa janm pale ankò sou kèsyon al atake moun Riben yo ak moun Gad yo ni sou kèsyon al detwi peyi moun sa yo. Moun branch fanmi Riben yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Senyè a ki Bondye.