Jozye 2:1-14

Jozye 2:1-14 HAT98

Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: — Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann. Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l konsa: — Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou. Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: — Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k'ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou. Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: — Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pat konnen ki bò yo sòti. Men, lè yo ta pral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo sòti, y'ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapousib yo, n'a jwenn yo. Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche. Sòlda wa yo menm sòti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Sòti sòlda yo sòti, yo fèmen pòtay la. Anvan mesye yo gentan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la. Li di yo: — Mwen konnen Senyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou. Paske, nou tande ki jan Senyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t'ap sòti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Senyè a. Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouray lè yo wè nou, paske Senyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a. Kounyeya, m'ap mande nou sèmante devan Senyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen ak fanmi mwen, menm jan mwen te aji byen ak nou tou. Men sa m'ap mande nou fè pou mwen. Tanpri, sove lavi manman m ak papa m, sove lavi frè m yo ak sè m yo ansanm ak tout fanmi m yo. Pa kite yo touye nou. Mesye yo reponn li. — Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.